30/11/2025
Ou se moun kenskòf…
Yon moun yo te rache nan rasin ou.
Ou pa t kite kay ou,
se lavi ki te fòse w chape.
Sa menm poko fè 1 an,
men li sanble tankou plizyè ane.
Twòp nwit pase san dòmi,
twòp jounen pase san direksyon,
twòp chagren ak move nouvèl.
Nou mande tèt nou :
Kisa ki chanje nou ?
Gen moun ki reponn :
“Tout bagay chanje…
lavi a vin lou,
timoun yo pa menm timoun yo ankò,
fanmi yo kraze,
epi mwen menm… mwen pa menm moun mwen te ye a.”
Se pa pale…
se vi nou ki chavire.
Nou te abandone tè nou,
jaden nou, sous lavi nou…
Kounye a nou achte tout bagay,
menm dlo, menm manje,
menm pasyans nou.
Depi kòmansman 2025…
konbyen nan nou ki ka di yo jwenn estabilite ?
Gen kèk ki jwenn yon ti plas pou repoze,
men anpil toujou ap dòmi ak kè sere,
ap leve chak maten san konnen ki kote yo pral pase jounen an.
Nou gen enèji pou travay,
nou gen volonte pou rebati,
men enèji sa a ap gaspiye,
paske lavi fèmen pòt,
e peyi a pa ba nou okenn direksyon.
Epi gen yon verite ki pike kè :
Nou viv nan yon sosyete ki gen Leta…
men ki pa gen otorite.
Gen chèz, gen tit, gen biwo…
men pa gen pwoteksyon.
Gen lwa…
men pa gen jistis.
Gen diskou…
men pa gen aksyon.
Nan yon peyi kote moun deplase tounen lonbraj,
k ap chèche kote pou kache anba lapli,
kote pou mete timoun yo dòmi…
kisa Leta a ye, si li pa kanpe pou pèp li ?
Nou pa mande richès,
nou pa mande bèl pwomès.
Nou mande sèlman viv.
Viv san kouri,
san tire,
san pèdi moun nou renmen.
E menm si sa poko fè 1 an,
chay la lou tankou lontan.
Nou toujou la…
ap tann sekirite,
ap tann respè,
ap tann yon demen ki merite non “demen”.@ # # #