03/06/2025
📌
𝐒𝐞𝐳𝐨𝐧 𝐒𝐢𝐤𝐥𝐨̀𝐧 𝟐𝟎𝟐𝟓 𝐥𝐚𝐧 𝐝𝐞𝐣𝐚 𝐤𝐨̀𝐦𝐚𝐧𝐬𝐞 !
Depi dimanch premye jen, Ayiti antre nan yon peryòd ki kapab gen anpil risk.
Pandan 6 mwa, jiska 30 novanm 2025, n ap gen yon sezon siklòn k ap trè aktif, sa vle di, li kapab pote anpil danje :
🔹 Genyen 13 a 19 tanpèt yo pral bay non
🔹 6 a 10 siklòn
🔹 Pami yo, 3 a 5 ka tounen gwo siklòn danjere (kategori 3 a 5)
Kisa nou ka atann nou ?
🔹Anpil lapli
🔹Gwo van
🔹Lawoul
🔹Inondasyon
🔹Glisman tè
Kisa nou dwe fè depi kounye a ?
✔️ Swiv bilten ofisyèl yo (DGPC & UHM)
✔️ Prepare yon kit ijans pou fanmi nou
✔️ Chèche konnen ki abri ki pi pre lakay nou
✔️ Mete dokiman enpòtan nou yo an sekirite
✔️ Pa gaye fo nouvèl, pataje enfòmasyon ki verifye sèlman
Pwoteksyon Sivil, ansanm ak sistèm k ap jere risk ak dezas yo, rete mobilize.
𝑷𝒓𝒆𝒑𝒂𝒓𝒆 𝒏𝒐𝒖. 𝑹𝒆𝒕𝒆 𝒗𝒆𝒚𝒂𝒕𝒊𝒇. 𝑨𝒏 𝒏 𝒂𝒋𝒊 𝒌𝒐𝒖𝒏𝒚𝒆 𝒂 !
Pwoteksyon Sivil Pwoteksyon Sivil se nou tout