
02/04/2024
Bon travèse gran frè. Souvni yo pa sispann remonte, filozofi, pen ak manba, kleren, anba pye zanmann lan, anba pye lam lan, sou galeri BJL. Pasaj ou etènèl, souvni yo etènèl menm nan memwa sak deja pati yo. Lanmò w fè m panse anpil ak lanmò Jordany BJL. Mwen kwè ke nan moman sa menm, nou 2 a chita menm kote ap kale bel blag nou jan sa te ye nan vivan nou, menmsi sikontans depa nou pa klè epi pa swetab pou kominote kote n tap boujonen panse sou libète ak pwòch nou. Vole wo afè pa m.