
31/12/2024
🎁GIVEAWAY MWA JANVYE 🎁
Chak mwa janvye, Spak Design swete kenbe yon tradisyon pou sipòte pwojè oswa antrepriz anndan kominote a. Ane sa, n ap chwazi 3 pwojè oswa antrepriz pou kreye oubyen refè idantite vizyèl yo. Yon fason pou ede yo fè diferans epi reyisi sou mache a.
Poukisa yon idantite vizyèl enpòtan?
✔️ Li se figi biznis ou an, li montre valè w epi atire kliyan yo.
✔️ Li ranfòse kredibilite ou.
✔️ Yon bèl imaj = konfyans ak siksè pou ou.
Ki jan pou w patisipe?
1️⃣ Abòne ak paj nou an Spak Design
2️⃣ Ranpli fòmilè aplikasyon an: https://forms.gle/fdhPQcf9WjgiDjRj8.
3️⃣ Montre nou orijinalite, inovasyon antrepriz oswa pwojè ou an.
4️⃣ Repibliye pòs sa sou paj ou, idantifye design epi tag 5 zanmi pou envite ak ankouraje yo patisipe tou.
5️⃣ Fòk antrepriz oswa pwojè ou an anrejistre oswa ou dwe gentan verifye ak depoze non an nan ministè komès.
Dat : 1 - 22 janvye 2025
Antre nan lis 3 pwojè oswa antrepriz n ap chwazi ane sa, epi kòmanse 2025 ou ak yon idantite pwofesyonèl ki reflete anbisyon ou.
Tradisyon sa fèt pou ede rèv ou an tounen yon reyalite, paske yon bon idantite vizyèl se youn nan kle siksè w sou mache an.